Stoodley R Frederic

Mwen rele Stoodley R. Frederic mwen gen yon ti non Kadi mwen leve avek grann mwen ki se te manman manmanm,epi mwen se katriyèm pitit nan 5 pitit manmanm ak papam fè mwen gen 2 frè ak de 2 sè epi mwen leve nan yon fanmi komedyen paske papam te abitye jwe teyat avek Sifwaden e gran frèm nan se yon komedyen e li abitye jwe teyat avek Sifwaden tou.
Mwen sonje an 2007 lem te kite okap poum tal lekol pòtoprens se te avek kè kontan paskem te vle al viv yon lot eksperyans,lem te rive nan lekol la tout elèv yo te apresyem pou fasonm te pale a epi mpat pran anpil tan poum te fe zanmi,men sak te plis motivem apre lekol la se sinema konsa mwen te aprann plis epim te vinn ap gade anpil show televize kite fem fokis plis sou kesyon sinema e aprann mw plis bagay kem pat konnen,mwen raplem an 2008 mwen te komanse gade seri prizon break,Dark angel,Ghost whispirer,Charmed,heroes epim te konn gade Hollywood stories ki te konn ap pale de vi atis yo koman yo komanse nan domen pa yo se konsa mw ap aprann e vinn plis fokis su sinema paske depi lontan mwen te ap toujou di yn jou fok mwen vinn yon akte kanmenm,e depim te piti lekol mwen te konn ap fe sketch,resite powèm nan 18 me pou lekol mwen,menm pat janm jwenn okenn posibilite poum te patisipe nan okenn casting men sa pat janm dekourajem ni poum ta abandone rèv mwen ki se devni yon akte rekoni nan mond lan,epitou mwen pat janm sispann fome tet mwen nan domènn sinema,mwen te toujou konn ap fe rechech su akte yo sou fason yo te komanse nan sinema anplis mwen te toujou konn ap gade Behind the scene yo poum te ka aprann plis sou fason yo akte yo ye sou plato a pandan tounaj yo,an 2010 sak te make vim se tranbleman de te a kite kraze anpil kay nan kapital la e ki te koz anpil moun mouri sa te rete yon toma pou mwen paskem wem te sove de jistes li te difisil poum te vinn adaptem avek viv anba yon gwo kay sanm patap panse avek tranbleman an e a chak gwo bri kite konn fet li te konn fe kem sote anpil e se sak te pousem retunen al viv okap kite banm chans poum te ka jwenn opotinite poum te ka patisipe nan plizye fim avek plizye pesonalite diferan.

Stoodley R Frederic

10/07/2021


actor,

Haiti, Santiago de los caballeros

Title Year Position
Siklonn 17/12/2015 Acteur
La Vie De Jeanjean 15/01/2016 Acteur
La Vengeance de Barbara 22/07/2016 Acteur
Wanted 19/09/2017 Acteur


    Project Information

      Project Information