Josette Joseph

Mwen rele Josette Joseph. Mwen fet nan jou kite 18 Septanm 1994 men jan ak kokenn selebrite sa Jada Pinkett Smithkite fet yon 18 Septanm  tou nan ane 1971. Mwen fè tout etid klasik mwen. Mwen fet nan Latibonit. Yon te yon ti jan pasyone pou teknoloji ki donk mwen te aprann infomatik pou biwo. Mwen se yon fam dafè, mwen lanse-m nan mond biznis la e mwen travay ak tet mwen. Mwen leve nan yon gwo fanmi, papa-m gen anviron 12 pitit, ligen 5 pitit ak manman e mwen se denye pitit manman-m ak papa-m. Mwen se yon moun ki saj, dosil de tanperanman men nan menm tan mwen dwo tou. Mwen respekte tout moun e mwen toujou renmen lè mount rete-m ak respek. Mwen pa leve nan yon fanmi ki ni rich ni pov. Men mwen ka di yon lot kote ke mwen rich paske mwen se yon moun ki toujou gen souri sou lev mwen e kote mwen ye mwen toujou mete souri nan kè tout moun ki donk mwen gen yon riches ki pa fasil pou moun ka posede paske ou ka gen lajan epi ou pa rich. Youn nan lot pasyon mwen grandi ak li se sinema, mwen renmen 7e A sa anpil, se sak pwal pouse-m pou antre nan mond sinematografik la nan ane 2017 yon premye experyans ki pat bon pou mwen paske fim sa pat yon reisit, fim sa te rele Kel Amour. Mwen move esperyans sa te bay vag ak sinema  men lite toujou nan sanm, sete yon rèv, sete yon vizyon, konsa nan jou kite 25 Jwen 2020 an mwen te patisipe nan yon casting ak Fednaelle Francois e sela mwen pwal jwenn yon lot chans pou mwen jwen nan yon feyton ki rele L’amour et La Vengeance. Aprè feyton sa mwen kontinye karyè sinema-m poum ka rive kote mwen vle rive a.
Josette Joseph

18/09/1994


actor,

Haiti

Title Year Position
Quel Amour 14/07/2017 Actrice
L'amour et La Vengeance 14/05/2020 Actrice
Passion 11/07/2020 Actrice
Deception 04/06/2020 Actrice
Maria La Servante 14/11/2020 Actrice
Secret du Mariage 18/12/2020 Actrice
Yon Lot Vi 14/08/2020 Actrice
Liaison Impossible 12/09/2020 Actrice
Fatal 16/10/2020 Actrice


    Project Information

      Project Information