Juliette Maxis

Juliette Maxis,  fèt  nan yon fanmi protestant nan lane 1991.,Juliette fèt Aux Cayes, Haiti, nan yon lokalite ki rele Labode Manman -l gen 6 pitit, 4 fi 2 gason , Juliette se 4em pitit e lise 3e pitit fi.

MJuliette se yon  moun ki sag , li renmen moun, li pasyante sutou nan lanmou epi m toleran tou .

Sa ki gen rapò ak lwazi , li renmen li , mizik se pasyon-l. Se youn moun ki pasyone pou espò espesyalman  foutbol e Juliette  pratike espò anpil .

Juliette  fè etid prime-l soti nan  kindègaden a 8em ane fondamental nan vil Aux Cayes soti nan ane 2008-2009 aprèsa li antre  potoprens pou l kontinye ak etid segondè . Juliette te ale nan lekol (CUDES ) nan Delma 83 li fè  9em ane fondamantal ak  filo .Nan ane 2010 Juliette aprann kosmetology ak infomatik  birotik, tousuit aprè li sot nan egzamen filo  li antre nan yon lekol profesyonel poul  te aprann jounalis spòtif( ISNAC) li  gradye en 2019 .

Juliette se soti ak yon tit  Abit national . Pandan ane 2019 ak 2021 li abite plizye match  foutbòl an Ayiti e nan Peyi Saint Domingue. Juliette pat Selman renmen espò ak mizik, sinema se pasyon li, Juliette te toujou reve pou li te vini yon aktris se konsa li te antre nan kek aktivite pou yon film ak Kreyol Productions nan ane 2019, konsa nan Avril 2021 Juliette antre Saint Domingue pou l te patisipe nan yon odisyon Kreyol Productions tap fè. Aprè odisyon an yo te chwazi juliette poult e jwe nan yon fim ki rele Maman J’ai Vècu déjà.

Juliette Maxis



actor,

Haiti, Santo Domingo

Title Year Position
Maman J'ai Vécu Déjà 13/06/2021 Actrice
Ou Se Papa'm 29/12/2021 Actrice


    Project Information

      Project Information