Marise Gilles

Mwen rele Marise Gilles, mwen se yon jèn fi 25 lane  mwen soti Lavale Jakmel, mwen se 4èm pitit nan fanmim. Manmanm rele Genise, papam rele André-Jean. Mwen fè preskolè a 3èm ane mwen nan lekol Kay mè. (Fille de Marie), aprè mw te vin fè 4èm a 6èm ane mw nan lekol (National de Ternier). Après etid primè mwen, mwen te vin antre nan (collège secondaire de Ternier) kote mwen te fè 7 èm a segond. Aprè klas segond mwen m te vin antre República Dominicana pou mal viv ak manmanm. 1 de abril an mwen te vin tounen lekol ak objektif pou mw fini lekol klasik mwen e sa te rive fèt nan ane 2020 nan lekol (Liceo Gastón). Mwen gen yon pitit fiy mwen se yon stetisyèn, map Travay plis toujou poum realize rèv mw ki se vin yon gran doktè.Mwen renmen sinema anpil Tout rèv mwen sete poum vin yon gran aktris sa Pat janm ka rive mache jiskaske mwen vin rankntre famiy Kreyòl Productions epi mwen chwazi antre epi fe pati gran fanmi sa. Mwen prè pou mwen aprann e bay tou mwen menm pou rèv mwen ki se vini yon gran aktris la realize

Marise Gilles



actor,

Haiti, Santo Domingo

Title Year Position
Casting Kreyol Productions 30/12/2021 Actrice


    Project Information

      Project Information