Manoucheka Diclona

Non mwen se  Diclona Manoucheka .Mwen fet yon  lundi 6 mai 1985 a 9h nan matin nan vil Kap Ayisyen nan  lopital Jistiyen Ri 17  ki donk  mwen se  yon Kapwaz,Paran mwen  mouri,  manmi te rele Louis Charles Odette e papam Joseph Brenord  Diclona, Mwen te leve ak paran mwen, yo te trete mwen tankou yon prencès tout sa mw te beswen mwen te toujou jwenn yo.
Papa m te tolerem anpill a lepòk  papam te gen ti mwayen poul viv li te gen 11 machin, 2 batiman  yon Okap yon Gonayiv epi 2 kay okap 1potoprens  e 2 nan peyil Okay, papam se te yon dilè dròg,
Papam te gen anpill pitit toupatou men sete mw preferel, li te renmenm nan pwen ke  mw manke pèdi nan fason li tap levem nan,
Papam te mete 3machin a dispozisyon mw lem pral soti lem pral lekol pafwa mwen criye mw pavle ale nan machin mwen vle ale sou bekann ak tonton m, nou tegen 3 sèvant pou lave rad mwen, fè manjem, jwe avem veyem etc….
Papam te koz mwen pa gen respè pou peson paske li te banm dwa sou tout moun nan fason li tretem, mwen te pase 6 lekol nan primè paske mwen te renmen goumen anpil mw pat ka rete nan yon lekol e si yo bat mwen lekol, papam al rale zam li sou moun yo, lè pou Bondye te delivrem nan, poum pat grandi nan Jan de vi sa se lè papam vin mouri mwen te gen 10 an,
Kounya manmi komanse dresem,
mwen vin yon moun ki koul, mwen renmen tout moun, mw ensansib anpil mwen pa vle pèson soufri, mwen pa beswen zanmi yon moun ou byen rekonet li poum edel mwen renmen sa anpil, ede depim kapab se konsa manmi m te ye tou, mwen renmen ri anpil e pakont mwen renmenkcriye tou ninpot sa yon moun fem mwen ka padi anyen men mwen kriye anpil,ak papam mwen tap yon bandi nan janl tap levem  egal ak papam peson pat ka bat mwen ni pale fò avem,  men manmi te toujou tretem byen menm Jan ak papam nan sans ekonomik gran sèm ap viv etazini li toujou pwan swen-m, lite kenbe menm poutim paran nou yo.
Mwen vin grandi sak te plis fem mal lefè ke mwen rive nan filo a laj 25an, rèv mw se te vin yon medsen menm Jan ak gran sèm, Men mwen pèdi chans sa koz  papa mw ,
Mwen vin granmoun mwen gen mari pitit nap viv pa gen anyen ki te chanje jis lè manmi vin mouri an 2014 epi tout bagay vin vire pou mwen. Mwen te toujou reve pou men te yon aktris, mwen te grandi ak rev sa jiskaske mwen vinn jwenn pwodiksyon nan Sen Domeng mwen te komanse ap jwe. Li pat pran anpil tan pou mwen te vinn mwen yon lot pwodiksyon kote mwen ta pal gen kek pot  nan mond sinema ki onvrij pou mwen.
Manoucheka Diclona



actor,


Title Year Position
Amour Et Trahison 05/05/2021 Actrice
Les Aventure de Sarah Actrice


    Project Information

      Project Information