Luckson Boniface

Mwen fèt avèk nom Luckson Boniface. Mwen nan yon jou 22 Novanm 1981 nan depatman Artibonite, de yon papa ki pat fè gwo klas ak yon manman ki pa konn ni li, ni ekri men ki te remèt mwen ak yon bèl-mè lè mwen te gen 6 lane kote mwen te al viv nan Port-Au-Prince kote mwen grandi, li te mete m lekòl kote tout kondisyon te reyini pou mwen pat rive pi lwen ke desann sètifika. Men kreatè Yah te mete moun sou chimen mwen jistan mwen te fini lekòl nan lane 2004. Mwen se yon avan dènye pitit papa mwen e mwen se dènye pitit manman mwen. Nan lane 2001, mwen pèdi papa mwen, sa ki te vin leve anpil desizyon lakay mwen kote pasyon mwen pou cinema te pouse mwen antre nan yon Club Littéraire (CLFE) Club Littéraire Feu d’Espoir kote mwen te kòmanse jwe antan ke aktè epi pou apre kòmanse ekri sketch avèk film, nan lide pou mwen te ka ale pi lwen nan domèn nan, nan lane 2008, mwen te antre Republique Dominicaine pou aprann plis men malerezman sa pat rive posib. Nan lane 2012 mwen te vin rive pèdi ni manman biologique mwen, ni manman ki te pran mwen lakay li. Mwen pase anpil ane kote mwen ap viv nan Republique Dominicaine, Mwen pa marye, mwen pa gen pitit biologique.

Luckson Boniface

22/11/1981


actor, writer, other,

Haiti, Santo Domingo

Title Year Position
Casting Kreyol Productions 30/12/2021 Acteur


    Project Information

      Project Information