Jean Renel (G-Renel Machiavel) Thiersaint

Mwen rele Jean Renel THIERSAINT, mwen fet 2 Avril 1991. anpil moun rekonèt mwen sou non sa G-Renel Machiavel, G, Baby Jean, Machiavely.Mwen se yon Jèn kap evolye nan kominote ayisyèn nan, an Repiblik Dominikèn, mwen se yon atis, aktè, konpozitè, mwen fèt an AYITI nan komin KAFOU awondisman Pòtoprens, mwen se Premye pitit manmanm ak papam, apre separasyon manmanm ak papam, papam te chwazi poum viv menm kote avel, mwen grandi ak bèl mèm nan on fanmi 5 pitit.

Mwen te fè tout etid klasik mwen nan (COLLÈGE NOTRE DAME D’HAITI) Nan Kafou, mwen fini lekol mwen nan lane 2010, apre mwen te antre an Repiblik Dominikèn poum te kòmanse yon karyè inivèsite an Me 2011, mwen te komanse etidye medsin men mwen pat kontinye mwen te oblije chanje karyè m antre nan Psikoloji ak Lang, nan tèm ke poum te ka jwenn tan poum fè sa ke mwen renmen,

Mwen se yon moun ki renmen ART ak literati, mwen COOL, tanperaman diferan menm ak tèt mwen m Strik, mwen renmen fè rankont profesyonèl, mwen pa konplekse, mwen konprann vi an janl ye an, mwen renmen travay, mwen se on moun ki trè ouvè, mwen renmen ri, m’ renmen moun nan antouraj mwen, m renmen pataje sa mwen genyen, m’ renmen kwè nan moun, mwen kwè nan tèt mwen, m trè motivan e mwen pa timid, m renmen lè moun korijem, m gen on lespri kaptif, mwen aprann de erè m’ yo poum pa refè yo ankò, m pa pè rekomanse, m Jalou, m gen anbisyon poum vanse men pa sou afè moun

m renmen foutbòl men mwen Pratike Baskètbòl, ak mwen Renmen fè lekti, mwen se yon Vodouyizan, mwen respekte dwa moun e konviksyon moun, mwen pasyone de mizik ak sinema,

Mwen komanse evolye nan domèn mizikal la depi a laj de 16 zan men mwen lanse karyè mizikal mwen an Fevriye 2012 yon demo ki titre (KENBE GRAD OU), Men kèk tan aprè mwen pral fè je piblik la fikse sou mwen Ak on lòt tèm ki titre MESI FRÈM ki se Duo ke mwen te soti an 2016 ak tout videyo e ki te tou anonse yon MIXTAPE ki titre (ADRENALINE) ki gen 14 tèm ladanl ki te soti 2017

Mwen gen yon pakèt lòt tèm mizikal ki fè siksè ki fe yo pral ogmante popilarite mwen nan vouvman an tankou (LE DIABLE video 2018, SÈL, MAUVE ET BLANC, NÈG YO PAP KONPRANN video klip 2017, ) an 2020 mwen te soti on lòt tèm OU KA F**t PRAN BAL)

Mwen vinn dekouvri talan aktè nan mwen se parapò ak lè mwen te piti a laj de 10 zan nan jwe pyès teyat lekol ak lè mwen te konn al andeyò

Mwen Chanpyon deja pou UTESA (UNIVERSIDAD AUTONOMA DE SANTIAGO) nan on konkou Deklame, mwen Chanpyon 2 fwa nan konkou teyat nan lekòl, mwen patisipe nan on paket projè Fim ke mèt yo pa chwazi mete yo deyò, genyen ki sòti tou m pa trouve yo enpòtan koz m pat aktè prensipal men gen youn tankou LA PRIÈRE DE PAPA an 2012 (Kòm Aktè prensipal) nan Wòl (BOSS LA) , Se te yon bel projè e se te premye eksperyans mwen, epi an 2017 mwen jwe kom aktè prensipal nan yon koumetraj (DARIO).

Mwen se on moun kap aprann tout otan map viv paske aprann konnen pa limite.

Jean Renel (G-Renel Machiavel) Thiersaint

02/04/1991


actor, writer, other,

Haiti, Santo Domingo

Title Year Position
La Prière de Papa 17/05/2012 Acteur
Dario 13/06/2017 Acteur
Casting Kreyol Productions 30/12/2021 Acteur


    Project Information

      Project Information