Handy Etienne

Mwen se Handy Etienne, mwen age de 27 ane, manman mwen rele victoire Desil,papa Mwen rele Andre jeune Etienne, mwen leve nan on fanmi potestan mwen leve e grandi Jacmel,etid primé mwen fet nan lekol Baptiste Hosanna,apre 2006 mwen antre lise pinchinat pou etid segondé mwen,nan lane 2008 mwen viv pi gwo dram nan lavi mwen kote mwen ta pral pedi mannan mwen, Nan lane 2009,se te ane ke mwen ta pral patisipe nan premye koneksyon chante epi mwen soti ganyan,apre etid segondé mwen, mwen antre nan lekol de chan ki rele aflo voice,answit mwen patisipe nan dezyem, konpetisyon chan an 2013 mwen champion,epi sa ouvé pot vil lan Pou mwen, kote mwen travay a majorite jazz nan vil lan,pasyon mwen pou cinema se tou piti nan legliz mwen, kote tout wol prensipal yo se mwen yo bay yo,epi tout moun ap di mwen se on talan lakay mwen, mwen devlope yon pasyon pou cinema ayisyen an, i love you Anne, miracle de la foie,cousine, Barikad,les couleurs de la dignite se film mwen gade tout tan epi eseye metem nan pesonaj yo, mwen renmen li,tande music, cinema, koule prefere mwen se nwa, mwen son moun ganti, ki fó, mwen pa abandone fasil, mwen renmen fe moun pase avan mwen, mwen renmen ri,nan lane 2018 mwen entegre Raj Angency Ki se on lecol manken nan Delma,2019 mwen fe premye deplase mwen pou vin swiv fomasyon nan republic Dominican,rev mwen se pote cinema Ayisyen an wo,epi vini yon AKté seléb tankou Jimmy jean Louis ki se youn nan pi gwo Model mwen, mwen reve jwe nn plizyé seri ou film entenasyonal,epi vin yon model pou generasyon pam lan

Handy Etienne



actor,

Haiti, Santo Domingo

Title Year Position


    Project Information

      Project Information