Adelina Francois

Nom pa mwen se Adelina Francois, mwen fet 26/7/1999. nan yon zon ki rele Gonayiv. Mwen fét ayiti men mwen leve sendomeng, mwen fe tout tout klas mwen isit jiska terminal. Mwen pale Kreyòl ak espaynol. Mwen gen yon sel pitit ki se yon fi , 29 mwa novanm nan pral fe li 4tran. manman mwen te mouri depi le m te gen 5kan, papa mwen gen 1an kelke mwa mwa mouri. mwen gen 2 sè epi 4 frè. Map viv lakay mwen avek ptit mwen pou kounya, mwen pa gen mennaj ni mari pou kounya. mwen te fe 3mwa nan oksilye men malerezman mwen pat termine avek karye sa a .

Mwen antre nan sinema sa pa gen anpil tan , sa ka gen anviwon 4tran, se te yon aktris ki rele Maricruz Oribales ki enspire m nan sinema , mwen renmen fason jwe ampil, mwen renmen odsite li , mwen renmen l paske li toujou fe m resanti m nan chak karakte li jwen nan kelkeswa pwoje a . ankor , mwen genyen sè mwen ki se Guerline , ki se yonn tou pa rapo avek lanmou li pou sinema, ki te konn toujou vle fe sa, mwen te komanse jwe avan li, konsa mwen vin jwenn supor l epi mwen kontinye ap fe sinema. rev mwen pou sinema , se we m rive fe nom mwen menm jan ak anpil lot moun surtou sila yo ki se model mwen. sinema se pasyon m , se vi mwen , se pou mwen yon objektif ki dwe rive abouti.

26/07/1999

actor,

Haiti, Santo Domingo

Title Year Position
Lavi 2 frè 12/03/2018 Actrice
Se Tout 17/05/2018 Actrice
Ex Mwen 10/06/2019 Actrice
Papa'm Ki Köze Mwen Kriminel 16/05/2021 Actrice

    Project Information

      Project Information