Yolmy Pierre

Nom pa m se Yolmy Pierre , mwen fet 13 Septanm 1989 yon kote ki rele podepe. Manman m rele Elvita
Brus e papa m rele Wilson Pierre. Tou de vivan ap viv . Mwen genyen 2 sè epi yon frè. Mwen fe etid
klasik mwen nan yon Kolej ki rele Toussaint Louverture nan podepe, edit segondè nan yon lot ki rele
Lesly Docteur de setyem jiska Reto. Mwen fe etid pwofesyonel mwen kote ke mwen te al aprann
Kosmetoloji nan yon lekol ki rele Saphyr nan Delmas 33 a potoprens. Mwen etidye otelri E touris toujou
nan menm lekol la. Men kounya mwen plis fe Buznis online sou yon platfom ki rele TLC. Mwen pa marye
men mwen an koup. Mwen genyen yon pitit fi de 8 lane.
Mwen se yon moun ki koul men ki tre dwol an menm tan , mwen respekte tout moun E mwen saj ak
tout moun, mwen renmen ede moun ki nan bezwen .
Yon istwa ke mwen pap janm bliye le mwen te Podepe, yon siklon ki te pase li te rele Jeanne, mwen tap
sot lekol nan moman lapli a tap tonbe anpil , se gade m te gade m we dlo anvayi nou nan kayt kote nou
tap viv la , kay la gte inonde e se lakay vwazinaj ke nou te domi jou sa a . sitiyasyon an te vreman tris
men se yon moman ki te vreman make m , paske moun patka jwenn manje, ni dlo pou nou te ka itilize
nan moman sa a . le mwen te soti lekol , pou m ta pral we fanmiy mwen sitou manman m ki te nan
sitiyasyon sa a , dlo te koule nan je m paske nan moman an menmsi ou te gen kob pat gen anyen ke w te
ka fe. Rezon an se paske tout kote te inonde, swaf dlo tap touye tout fanmiy lan, tout vwazinaj, tout
moun te trouve yo nan yon sitiyasyon ki te tre didfisil. Bo kote pam se zantray mwen ki tap rache le m
tap gade manman m, E m pat ka fe anyen se chita epi dlo pat ka seche nan je m .
Touswit apre siklon nan pou tout moun ta dwe pran yon souf e retounen nan yon vi ki nomal, men se te
stress pi red paske se te moman pa Kolera, tout moun konnen ki ravaj ke kolera tap fe nan moman sa a .
yonn nan manb fanmiy mwen te vin gen sentom yo men an reyalite nou pat konnen si se sal te ye. Le li
vin tonbe se te mwen ki te al netwaye li. Le yo vin kouri lopital avek li, se le sa a nou pral konnen ke se
kolera li te ye. Mwen te telman sakaje de sap aske nan moman an tout sak te nan tet tout moun, se ked
epi w gen kolera ou sou 2 chans se sitelman epidemi sa a pat jwe. Donk le yo vin di se sa li te ye mwen m
te gen rezon pou m te pe paske mwen se te premye moun ki te fwote avek li, otomatikman m te tou
pans eke mwen pral genyenl. Stress te telman anvayim , menm manje m patka manje paske tout sak te
nan tet mwen m tap veye kile map mouri. Men grasadye m pat ni rive gen kolera bondje te proteje m .

Yolmy Pierre



actor,


Title Year Position
Istwa Terib Actrice
Casting Calls 02/02/2021 Actrice
Casting Calls 04/09/2021 Actrice
Papa'm Ki Fè'm Kriminel 05/10/2021 Actrice


    Project Information

      Project Information