Senia Hilaire

Senia Hilaire fèt Pòto  Prens yon jou kite  11 Me nan lane 1999. Senia, se pitit Senique Hilaire et Roselene Louis.Senia te fet nan yon fanmi kigen  5  pitit, Senia se 3e pitit. mwen pat leve avèk manmanm epi papa-m. Depi Mwen te tout pitit mwen gen yon manman kite adopte-m e non li se Abraham Marie Thérèse. Mwen se yon pitit ke manman adoptif Mwen an renmen anpil mwen se yon chouchou pou fanmiy Mwen. Tout rèv mwen se pou mwen tèt fanmiy mwen,mwen se yon moun ki entèlijant anpil lèm te piti mwen te renmen fè desen anpil tout pasyon’m se te desine mwen pa leve ak lòt timoun mwen te toujou ap di map marye ak 25 lane poum fonde yon bèl fanmi malerezman lavi a pat vle sa pou mwen malgre rezistans mwen m te tonbe ansent a 18 lane, bon Dye te  fèm kado yon bèl pitit fi sa koz mw vi’n abandone kek  nan rèv mwen  yo; se konsa mwen te komanse ap fè lòt eksperyans mwen vi’n retrouvem nan sinema premye eksperyans mwen nan sinema mwen jwe nan yon fim ki se l’infidélité de John. Sete premie esperyans Mwen paske sinema sete toujou yon pasyon pou mwen, youn nan pi gwo bagaj Mwen ta renmen yon jou se vini yon aktris ke tout Moun konnen, yon vle make jenerasyon-m nan menm jan ak kek lot aktris tankou Ginou Mondesir, Fabienne Colas, popum site sa yo selman….

Senia Hilaire

05/05/1999


actor,

Haiti, Santo Domingo

Title Year Position
L'infidelite de John 08/01/2023 Actrice


    Project Information

      Project Information