Mwen se Duvernard Sarafina mwen Pòto Prens, mwen fèt 20 Jwen 1997. Lem gen 2 lane paran-m yo te kite Pòto Prens yo al abité Miragoane se la mwen grandi aprèkek ane paran mwen yo te vin kite Miragoane yo te retounen al abite nan kapital Peyi a ankò lè sa mwen te gen 18 lane. Mwen gen 2 sè ak yon Frè, nom manmanm se Natacha Pierre Louis e papam se Frimance Duvernard. Mwen tèmine étid klasik mwen nan Pòto Prens, mwen te komanse aprann kontabilite mwen pat gen chans pou mwen te fini, mwen te vinn ansent aprè mwen al nan kosmetoloji e mwen te espesyalize-m nan makiyaj mwen fini mwen gradué mwen se yon profesyonèl nan zafè makeup, mwen gen yon pitit fi mwen fèl a laj 21ans mwen ak papa pitit mwen an ap viv St Domeng. Mwen se yon moun ki timid anpil men aprè mwen fin pitit mwen an mwen chanjé anpil, koulè mwen renmen se jonn, roz ak koulè rouj. Mwen se yon moun ki pasyons pou sinema anpil.Rèv mwen sete pou mwen te vini mwen aktris ke tout Moun konnen, paske sinema se pasyon mwen, sinema se lavi-m, mwen deside antre nan mond sinema nan ane 2021 aprè yon casting calls mwen te wè sou Facebook e mwen te deside pran chans mwen pou mwen te ka wè ki kote talan mwen ka rive. Se nan menm konpani kise Kreyol Productions ke mwen pal fè premier aparisyonm nan sinema nan yon fim ki rele Le Voyage.
Title | Year | Position |
---|---|---|
Le Voyage | 22/04/2022 | Actrice |