Mwen se Sandra Fils aimé mwen fèt 13 Septanb 1987 Pòtoprens nan lopital Isaïe Jeanty.Mwen se pitit natirèl yon profesè, nòmalyen ,Beauvoir Fils Aimé ak yon fanm vanyan, komèsant Claudètte Dorisca ki te mouri nan lane 1997 lèm te gen Selman 10 lane. Li te kite 8 pitit pami yo mwen te 6eme pitit li.
Mwen fè etid primè-m nan lekol Nasyonal Kazo e etid segondè-m ,Lise Jènn Fi Sòbòn , nan vil Kafou, e mwen te fè klas reto ak filo nan Kolèj mix Krétyiènn Béré. Mwen aprann gesiyon administrative ak kosmétoloji nan lekol UNIREP .
Mwen te gen pasyon pou Syans se konsa mwen te desite antre nan Fakilte Maurice Laroche pou-m te etidye Syans Kontab ou ankò Kontabilite.
A 21 lane mwen te fè premye pitit gasonm ki rele Shnadlaire nan ane 2008 e mwen te marye lèm tegen 22 lane. Li pat pranm anpil tan pou mwen te divose paske tegen anpil diferans nan relasyon-m. Mwen te vinn fè yon lot pitit fi ki rele Lyah Norah Laëttitia Fils Aimé li fèt 26 Out 2018. Mwen te fè 3 lane nan ansèyman,mwen te pase 2 lane kòm ekonòm toujou nan yon lekòl, epi 3 zan 4 mwa nan yon magazen an Ayiti.Sitiyasyon Peyi a te komanse ap boulvèse-m se konsa mwen te deside antre Sen Doming kote mwen te antre nan mond bisnis lan e mwen te tou deside abite la ansanm ak pitit fi mwen an. Mwen santi vim te konblew paske-m tegen chans poum te leve ak tout sèm ak frèm yo. Mwen leve nan yon gran fanmi. Manm gen 8 pitit 3 gason 5 fi bo kote papa-m ligen ligen 5 pitit e mwen se 6e pitit manman e 4 pitit papa-m. Tout rèv mwen sete poum te vini yon gran aktris men mwen te toujou pè lanse-m nan domèm nan, jis an Avril 2021 mwen te jwenn opotinite poum te patisipe nan yon Casting nan Kreyol Production nan Sen Domeng e se la mwen pwal jwe premye wol mwen nan 2 pwojè, youn se Maman J’ai Vécu Déjà e lot la kise Les Aventures de Sarah.
Title | Year | Position |
---|---|---|
Les Aventures de Sarah | Actrice |