Robertha Francklin

Mwen se Franklin Robertha, mwen fet Ayiti nan Potoprens nan dat kite 12 Desanm nan lane 1994.
 Mwen ap viv ak papam, sèm, frèm , manman te mouri  nan ane 2006 . Manmanm ak papam genyen 6 pitit mwen se , 6zyèm nan, papam gen 3 pitit ak yon lot manman. Mwen gen 4 sè, 4 frè.   Mwen gen yon pitit gason .
Mwen te fini ak etid klasik mwen , mwen tal aprann hôtellerie et tourisme,  Sitiyasyon peyi an pat pèmèt mwen kontinye .
Mwen te konn jwe teyat ak deklame poèm nan plizyè pwogram kiltirel. Pandan  map grandi mwen devine développe yon  lanmou pou sinema .Mwen pase plizyè lane ap karese rèv sa, pou mwen te vini yon aktris, yon model, nan industry sinema.
Mwen pran komanse fè esperyans mwen nań  sinema nan lane 2018 kote  mwen te jwe premye feyton m ki rele Aparans. Mwen te gen chans kom premie esperyans mwen pou mwen te jwe wol  aktris prensipal. Se yon reyalizatè ki tap chache yon jèn fi pou jwe wol lan pou li koz moun ki tap jwel lan te gen yon problèm donk mwen te bay tet mwen  porum te ka jee wol sa..
Nan lane 2019 mwen te jwe nan yon   feyton ki rele Smat men malerezman sete nan denye epizod lan  mwen te gen chans poum te jwe.
Menm staf sa tap fe yon lot feyton yo te fè apel avèm poum te jwe nan yon lot feyton ki rele Konplike nan lane 2020 jis kaskem mwen te vin fe pati de staff lan kise HAITI IMAGE .
Mwen te kontinye ap jwe avek yo nan menm lane 2020 an mwen jwe kom aktris prensipal nan yon feyton ki rele Retrouvay.  Mwen jwe nan yon lot feyton ki rele Game Over ki malerezman pat ka kontinye. Nan menm lane 2021 an m jwe ankò nan yon feyton ki rele Don Infernal ki pat gen chans fini . Toujou mwen jwe nan yon feyton ki rele Adiksyon .
Aktyelman, nan fen ane 2021 an  map jwe nan Le Choix kom aktris prensipal  e nan yon lot feyton ki rele Elle.
Mwen gen anpil lanmou pou sinema e mwen konsidere sinema kom yon metye map travay plis chak jou poum realie rèv mwen te toujours ap reve nan sinema. Nan fen ane 2021 an  nan mwa  Novanm mwen te gen chans poum patisipe nan yon casting online ak yon lot konpayi kise Kreyol Productions kote mwen deside pou mwen kontinye karyè sinematografik mwen.
Robertha Francklin

12/12/1994


actor,

Haiti

Title Year Position
Aparans 04/02/2018 Aktris
Smat 06/03/2019 Aktris
Konplike 18/06/2020 Aktris
Retrouvay 19/06/2020 Aktris
Game Over 15/07/2021 Aktris
Don Infernal 12/08/2021 Aktris
Adiksyon 11/08/2021 Aktris


    Project Information

      Project Information