Peterson Vernet

Mwen fet nan jou kite 28/07/1988 nan yon provens ki rele gran gwav e se yon fiete pou mwen deske mwen fet nan mwa  sa ki reprezante oroskop lyon, pounn retounen sou sa nou te komanse pale ah papam ak manmanm te viv nan yon zon ki rele foche ki se 7em seksyon kominn gran gwav la  ki apepre 15mnt de vill la, mwen se premye pitit manman ak papam, mwen gen 2 lot fre ak 1 se ,tou swit apre mwen te 6 mwa , papam ki tap travay kay brant te deside separe ak manman’m epi li menenm al viv ak grann mwen nan potoprens, nan yon zon ki rele maglwa anbwaz se la mwen te grandi, mwen fe kindergardent juska mwayen 2 nan lekol paster gaby anglad ki te bo plass jeremy anfas gras flore, malerezman manman te vinn moury lem te gen apepre 10ane,mwen te fe 6em  nan lyce antenor firmen, nan moman sa yo mwen te konn ap fe move frekantation dapre moun lakay mwen, paske zanmim yo sete moun yo te depote sot etaziny pou zak malonet yo te fe, men moun lakay mwen pat konprann entere kem tap chache ah kise poum te ka aprann ak domine lang angle ah , grann mwen te moury nan anee 2004 paske li te malad anpil nan moman koudeta peyi ah te cho anpil , papam te deside poum al viv avel grangwav e sa te komanse banm gro problem paske mwen te oblige kite zanmi mwen yo ak abitid mwen te genyen yo , sete pi move moman mwen te ka pase nan vim se al viv nan menm kay ak madanm papam ki pat manman’m, papam te vinn gen yon pitit gason avel ki rele jean verlin vernet apre mwen fini klass segonde mwen , tout idem sete vinn yon aktè mwen t komanse patisipe nan kèk fill kenm pa raplem nan moman apresa mwen te vinn jwen yon travay nan  nan oxfam ki se te yon organization canadien, yo te voyem belade, mwen te konn remen ale elias pinas paske’m te tou pre  frontier ah, yon jou mwen te deside kite travay la poum ka al viv santo domingo, sa pat fasil pou mwen malgre ak anpil echek ak tet chage,mwen te vinn adaptem e kounya mwen gen 13an depi map viv nan peyi sa ,e kounya m kapab di rèv mwen komanse realize paske mwen son aktè.

Peterson Vernet

28/07/1988


actor,

Haiti, Santo Domingo

Title Year Position
Le Voyage 16/05/2023 Acteur
Je L'aime 19/07/2023 Acteur


    Project Information

      Project Information