Paola Michel

Mwen se Paola Michel dezyèm pitit Manmn mwen e premyè pitit fi  Papa’m. Mwen fet nan dat kite yon  27 Janvye nan lane 2000. Manman mwen gen nou de pitit, yon gason e yon fi. Papa m gen nou 5 pitit, 3 filles epi 2 gason. Mwen soti Potoprens nan kominn Kafou. Non Manman mwen  se Joseph Marie Irmane e  papa’m Michel Saint Paul. Papa’m sete yon komèsan men jan ak manman mwen.Kek fra la vi a toujou resève sipriz pou ou, se konsa pandan map grandi paran-m yo te vinn separe e separaron sa ta pwal koz mwen te kite Ayiti pou-m te vinn abite nan lake Sen Domeng. Rive Sen Domeng mwen te gen Grann mwen ke mwen tap viv ak li, men sa pat anpeche papa-m poul te toujou sipòte-m e jwe wòl papa. Youn nan tout sa papa-m te konn fè e ki make tout vim, li te toujou mete-m chita pou lap pale ak mwen, dim kisa li ta renmen mwen vini demen.  Mwen sete yon ti Moun kite intelijan anpil lekol, ni fanmi-m kou etranje te toujou ap felisite-m pou not mwen te konn ap fè lekol, men sa patap rete konsa. Kek tan te vinn pase chak mwen te ale lekol mwen te vinn a pedi konesans epi se lè paranm yo pwal vinn konnen ke sa pat yon fenomènn natirel, men yo pa janm eseye fe anyen pousa………..

Mwen te pasyon Pou sinema e rèv mwen se pou mwen vini yon aktris ke tout Moun konnen, se pou rezon map travay e map fe anpil sakrifis pou-m ka realize rèv ke map karese depi lontan.

Paola Michel

27/01/2000


actor,

Haiti, Port-au-Prince

Title Year Position
Les Deux Soeurs 06/02/2018 Actrice
Une Maison Hantée 18/11/2023 Actrice


    Project Information

      Project Information