Bonjou mwen se Laronda Gedeum mwen fèt 19 janv 1995 mw gen 26 ans.Mwen fèt nan depatman latibonit vil gonaïve komin ansrouj plèn de labre.mwen fèt nan yon fanmi ki te malere manmanm ak papam separe depi lèm te gen 4ans mwen ale lekòl gras ak fanmi papam ki te chwazi sipòtem mwen te trè entèlijant nan klas mwen,m te toujou premye ou dezyèm yo te aprann mwen respekte tout moun lèm te piti mwen te konn goumen anpil paske mwen te pè farouch mwen te renmen anbyans mwen te toujou ap di nan lavi mwen vle vin yon gro sipèsta se pou rezon sa nan 2013 mwen te ale nan yon klèb dans poum te ka aprann danse mwen te fè 3mwa akoz pat gen kòb poum rive pi lwen mwen pèdi anpil ane lekòl akoz pa gen sipò mwen antre sendomeng nan ane 2016 mw toujou ak menm rèv la fòk mwen yon sipèsta sanm pat konnen kòman Mwen te vin fòme yon group 19 janv 2020 jis poum te ka pataje kèk ide ak anpil tijèn kite nan zòn nan Nou konn reyini chak 2jou nan semèn nan konsa mwen antre nan sinema