Yo rele-m Desma Duclair mwen fet Ayiti nan yon vil ki rele Port Salut. Non papa-m se Destin Duclair e manman-m rele Wainie Sunal. Mwen fet nan yon fanmi ki gen anviron senk pitit Emanie Duclair, Geson Duclair, Michou Duclair epi Zete Duclair. Mwen marie epi mwen gen twa pitit. Desma Katalog Duclair, Desmia Duclair epi Christina Duclair non madan-m mwen se Jocye Duclair. Depi piti map grandi mwen te toujou reve vini yon aktè, ki donk sinema sete tout pasyon-m, sete yon rèv ke mwen te toujou ap karese, se konsa mwen ta pwal antre Etazini epi mwen ta pwal lanse-m nan domènm sinema, lite toujou rete yon chalanj paske mwen pat konn si tap ka fè non mwen nan indistri se konsa nan lane 2008 mwen pwal komanse jwen nan kek pwojè e se lè sa anpil moun pwal komanse dekouvri talan mwen, konsa mwen kontinye ap jwe nan lot pwojè e jiskaske mwen te vinn realize yon fim kite fè anpil siksè ki rele Lala sou direksyon youn nan pi gwo direktè nan indistri sinema Aysyen an: Samuel Vincent. Sinema se vi mwen, sinema se san mwen, menm lè mwen ta sou baton map toujou fè sinema paske se yon bagay mwen admire anpil. Mwen realize kat long metraj epi Mwen jwe nan plis pase yon 17 fim san konte kek court metrage.
Title | Year | Position |
---|---|---|
Remo | 09/03/2006 | Acteur |
En Realite | 03/05/2006 | Acteur |
Desobeissance | 05/06/2008 | Acteur |
Sim te Konnen | 07/07/2008 | Acteur, Producteur |
Remo2 | 09/09/2009 | Acteur |
Remo3 | 12/10/2009 | Acteur |
Un Plaisir Mortel 1 | 08/09/2010 | Acteur |
Un Plaisir Mortel 2 | 13/02/2011 | Acteur |
Lala | 09/04/2012 | Acteur, Producteur |
Lovers | 06/05/2013 | Acteur |
4 Girls | 10/04/2023 | Acteur, Producteur |