Judith Celestin

Nom pam se Judith Celestin. Mwen se yon pasyone de sinema. Mwen fet yon 14 Fevrye nan ane 1993 St Marc, Ayiti. Manman mwen rele Sylvania Dalcine. Mwen leve nan yon gran fanmi ki konpoze de  senk sè ak de frè. Mwen se siziyème pitit manman’m epi  dènye pitit papam. Mwen fè etidklasik mwen nan yon Kolej ki rele La Pleyad nan Vil St Marc.

Mwen fè tout klas  segondè mwen nan Lice des Jeunes Filles. Mwen gen yon pitit fi. Mwen  se yon  moun ki  saj, mwen renmen tout moun, mwen  renmen ede moun e sipòte tout moun ki nan nesiste. Mwen respecte moun men mwen gen tanperanman ki dwol an menm tan. Mwen se yon moun ki renmen biznis, ki donk mwen se yon fanm dafè. Mwen se yon  Estétisyiènn.Malerezman mwen pat leve ansanm ak papam. Mwen  vinn rekonet papam lem  te vinn gran, lèm teka fè tout bagay pou kont mwen, tout vi danfans mwen se ka manman’m Selman mwen tap viv. Moun mwen te  vinn aprann ki papam nan li pat okipem épi mwen se denye pitit li a li.Nan ane 2021 moun sa te vinn mouri, savledi mw enpat viv Lanmou papa ke anpil timoun te gen chans pou leve ak yon papa pou yo te konnen lanmou patènel. Manmanm te soufri anpil poul te ka okipe nou nèf pitit domi nan mache  Poto Prens chak jou li sou tèt machinn se pat yon bagay kite fasil pou yon manman ap leve nèf timoun pou kont li. Men malgre tout say o, li te rive sove nou ba nou lavi ,li te montre nou koman pou nou aprann viv youn ak lot paske li son moun ki te gen lanmou pou nou . Rèv mwen sete toujou pou mwen te vini yon aktris poum te ka yon model, se konsa mwen te vinn jwenn yon wol nan yon fim ki rele La Pauvre Orpheline nan ane 2021 ak Staff Macdonald.

Judith Celestin

14/02/1993


actor,

Haiti, Santo Domingo

Title Year Position
La Pauvre Orpheline 19/05/2021 Actrice


    Project Information

      Project Information