Josette Lazard

Nom mwen se Lazard Josette ,mwen fèt 28-07-1989 nan lopital general de pòtoprens.
Mwen  se premye pitit  fille lazard Sauveur ak paulone Cadet,papam mouri jou kite  12 desanm 2017 la koz yon crise tansyon,
Mwen te rete nan zòn kafou waney 87 se la mwen fè etid primè aprè Mwen te sòti nan egzamen sizyèm mwen te lekol college notre dame d’altagrace ,aprè mwen te lekol college classique Jerusalem , mwen se premye pitit papam ak manmanm, men depi 6ans mwen pa vin avèk manmanm paske lite abandonem kay marenn mwen,malgre sa papam te la pou mwen , papam gen 3 Lòt pitit e manmanm gen 5 Lòt pitit an tout mwen gen 8 frè ak sè , an 2010 mwen te oblije kite ayiti mwen rantre repiblik dominikèn paske tranbleman de tè a te kraze lekol la se an repiblik dominiken mwen fin fè klas tèminal mwen, aprè sa mwen se esteticienne, mwen fè yon kou kontab, mwen konn fè pwodwi   Pou netwaye kay pwodwi chimik, tankou savon likid ,mistolin etc.mwen marye avèk Evens Jean Guillaume,mwen pa gen ti moun,mwen etidye teyat, kominikasyon radio tele nan lekol entènasyonal de arte, mwen parèt nan plizye program tankou Jhon Robles presenta, net magazine, mwen jwe nan court metrage kòm figurant,mwen jwe nan yon feyton kise legliz jodia,mizè fanm nan st domeng kote mwen te youn nan aktris prensipal yo,aktyèlman la Mwen se yon aktris nan Kreyòl production kote mwen vle travay poum kapab rive byen lwen ak patisipasyon mwen ,kote mwen kapab representante peyim nan sine entenasyonal tankou kèk aktè (aktris )ayisyen poum demontre le mond ke anyen pa dificil si sèlman ou kwè nan ou ,ou gen pèseverans ,pasyans wap wè tout problem kapab rezoud sèlman kwè nan tèt ou .

Josette Lazard

28/07/1989


actor,

Haiti, Santo Domingo

Title Year Position
Les Aventures de Sarah 08/08/2021 Actrice


    Project Information

      Project Information