Sandra Severain Jolicoeur

Mwen se Sandra Jolicoeur severain Mwen fet pòtoprens jou kite 11 jiyè 1988 nan lopital chansrèl ,Mwen se 1ere pitit fi madam Yvrose Midy épi Wilner Severain ki malerezman mouri depi nan mwa daout 2012 nan laj 48 tan Mwen grandi ak manmanm li metem lekol depi nan laj 3 zan aprè preskolè Mwen ale nan lekol Jn Paul 2, kote Mwen te fè tout klas primè Mwen yo, nan lane 2001 Mwen rantre nan collège Blaise Pascal Mwen fè depi 6em juska reto épi nan lane 2007 mal fè filo nan (lycée Antenor Firmin )konsa Lem fini ak etid klasik Mwen Mwen tou rantre nan ( Fondation Aristide pour la démocratie) kote Mwen Tal aprann ( informatique bureautique) pandan 6 mwa aprè Mwen fini diplome Mwen te tou pran (dépannage d’ordinateur),nan oktob 2008 Mwen rantre nan Cumoh (centre universitaire moderne D’Haïti ) poum te aprann (Assistance Administrative et marketing).
Apre 2 zan Mwen diplome ladan Mwen tou kontinye pou (Gestion des affaires). Aprè kek mwa Mwen te oblije femen dosye a paskem te prè poum marye konsa nan 24 jiyè 2010 Mwen marye ak Jean Eddyson Jolicoeur nou fè Yon premye pitit fi nou rele li Donalisha Mwagie Jolicoeur,nan lane 2011 Mwen tounen nan Cumoh poum fini ak etid la Lem fin diplômé nan 2013 Mwen tou jwenn Yon kontra nan Capital restoran e garage Mwen te okipe pòs (caissière ,Et Assistante de direction ) nan 2014 Mwen vin ap travay nan ayeropò a nan pòs ajan sekirite longport pou Américain Airlines. apre 2 zan 7mwa Mwen kitel paske Mwen te jwenn Yon lot kontra nan USAID nan domèn Mwen aprann lan ki te ofrim plis avantaj Mwen pase 2 zan avek yo aprè Mwen chwazi louvri prop magazen Pam ki te rele (Kenania Produits divers) nan lane 2018 konsa Map bouje ak aktivite sa trè byen épi nan lane 2019 Mwen vin gen Yon pitit gason ki rele sanderley Christian Jolicoeur nan lane 2020 Mwen deside kite ayiti akoz tròp ensikirite Mwen oblije vin établi Mwen nan saint domingue ak 2 pitit Mwen yo,pandanm ap etidye Lang panyòl la Mwen te ale nan Yon kou salon bote nan Yon lekol ki rele raiza salon de belleza. épi après 5 mwa nan sen domeng Mwen vin ouvri kenania salon konsa nap bouje toupiti pou nou viv nan avril 2021 Mwen vin rantre nan kreyol productions épi depi lè sa Map travay nan kreyol la kòm secrétaire Administrative épi (script girl).

Sandra Severain Jolicoeur

11/07/1988


actor, other,

Haiti, Santo Domingo

Title Year Position
Bwaze Ak Zenglendo 08/10/2007 Actrice
C'est Mon Choix 07/12/2008 Actrice
Les Aventures de Sarah 15/08/2021 Actrice
Kite'm Fè Bras Mwen 16/10/2008 Actrice
Alicia 20/08/2009 Actrice


    Project Information

      Project Information