Milienne Elysée

Mwen rele Milienne ELYSEE mwen fèt 2 Novanm nan Ane 1993 nan kominn delmas, Ayiti nan yon fanmi ki gen 6 pitit mwen se twazyèm pitit,yo banm yon ti sou non Milou. Mwen fè etid primè mwen nan kolèj etid segondè mwen nan Lycée,manmanm ak papam vivan jiskaprezan. Mwen se yon moun ki renmen ede moun,rèv mw se te poum devni yn aktris paskem renmen sinema anpil. Mwen tèmine etid klasik mw an 2017,aprèm fin fè filo poum pat ret chita mw ale nan “Maurice Communication” mwen te chwazi opsyn “Communication Francaise” koz paranm pat gen posibilite pou yo te peye inivèsite pou mwen. Aprem fin gradye nan communication an,mwen te deside al aprann machin endistri poum te ka al travay. Mwen pase 6 semèn ap aprann machin,aprè mal chèche travay,mwen vinn jwenn yon pozisyon nan yon izinn ki rele” HANSAE” ki chita kòl nan “Parc industriel Sonapi” ayewopò.

Mwen pase yon ane  ap travay ladan,sitiyasyon peyi Ayiti te kòmanse ap dejenere mwen mande revokasyon epim te deside al Saint Domingue. Se la rèv aktris lan kòmanse. Mwen se yon moun ki renmen fè lekti,mwen pasyone de mizik,mwen cool,mwen saj,obeyisant,pasyant,mwen renmen mete anbyans kotem ye pa egzanp lèm nan staf.

Kòm defo mwen son moun ki trè “Rancunière” et “gourmande” parfois(rireee). Mwen pa renmen fache pou nenpòt bagay e mwen trè konpreyansif, mwen renmen fè spò . Mwen renmen ti plezi piscine,lanmè. Kòm matyè mwen te renmen lèm te lekòl: Chimie, Physique, Philosophie.

Milienne Elysée



actor,

Haiti

Title Year Position
La Socière du Quartier 10/03/2021 Milou
2 blofè nan Saint Domingue 14/04/2021 Nia
Master Fragile 13/05/2021 Sagine


    Project Information

      Project Information