Mwen se Carine Stephanie Toussaint ke anpil Moun konnen sou non Patricia, Patricia se yon non mwen genyen nan youn nan feyton ke Mwen te jwe. Mwen fet nan yon fanmi kretyen. Fanmi an gen ladann nou 6, papa-m se on pastè e Mwen se 4eme pitit nan fanmi a men mwen se premye pitit fi nan fanmi an. Mwen gen yon pitit gason. Aprè etid segondè Mwen te etidye kominikasyon e Mwen te espesyalize-m nan prezantasyon Radyo ak televizyon. Mwen fè premye esperyans Mwen nan Televizyon Nasyonal Dayiti, TNH. Pasyon-m se te toujou wè-m sou yon plato ap jwe kom yon aktris, sete yon rèv Mwen tap karese depi yon bon tan. Depi nan lane 2012 Mwen te lanse-m nan domèn sinema, se konsa nan lane 2020 Mwen pwal jwe nan yon feyton ki rele Je Déteste, feyton sa te sou Chanel YouTube Jetro Bazil. Rèv mwen se poum vin yon etwal nan sinema Ayisyen an.
Title | Year | Position |
---|---|---|
Sans Conscience | Actrice | |
La Vie de Milova | Actrice | |
Secret Du Mariage | Actrice | |
Bal 2 | Actrice | |
Vertus Infidele | Actrice | |
Je Déteste | Actrice | |
Ou fèm Mal | Actrice |