Mwen rele Came-Rose Bidonne, mwen fet pestel 28 Out 1990, manman m rele Josette Saint-vil, papa m rele Micionel Bidonne. Mwen gen yon sel frè, mwen gen 4 sè. Mwen te fe etid klasik mwen nan yon kolej Le Francais de kindegadenn a segond, men le mwen antre isit sendomeng mwen termine. Le mwen te fin fe etid mwen , mwen te vreman pasyone de couture, mwen te al aprann couture E mwen te gradye. Apre couture mwen etidye syans enfimyè, mwen termine E mwen gradye ladanl . Mwen pa gen pitit mwen pako marye mwen seliba.
Mwen se yon moun ki pasyone de mizik anpil , mwen vreman koul, pou tout bon granmoun mwen se yon moun ki onèt. Mwen se yon moun ki vreman renmen konbat ak lavi, paske m pa renmen le mwen chita se moun kap lonje men ban mwen, se rezon ki fe mwen manyen tout sa m jwenn depi se pou m fe lajan mwen pa gen pwoblem. Aktyelman map fè komès, mwen vann tout sa mwen jwenn depi kob la nan menm se fe biznis.
Title | Year | Position |
---|---|---|
Move Chans Nan Lanmou | 03/10/2019 | Actrice |
La Jalousie D'une Soeur | 10/06/2020 | Actrice |
Casting Calls Le Remort | 19/02/2021 | Actrice |
Casting Kreyol Productions | 25/04/2021 | Actrice |
Papa'M Ki Fèm Kriminèl | 15/05/2021 | Actrice |